Tigwav Inodasyon: 3 moun mouri, plizyè tèt betay ak pwodwi agrikòl pran wout lanmè nan komin Valyè,

05-21-2023
Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) 3 moun mouri pami yo, 2 timoun, divès tèt betay, san konte pwodwi agrikòl ak lòt machandiz disparèt, se bilan pwovizwa yon seri dega Rivyè Dlo Piti fè nan mache premyè seksyon kominal Vyalè nan Tigwav.
Sitiyasyon sa a rive, se swit ak yon gwo lapli ki tonbe sou komin Tigwav san zatann nan aprèmidi samdi 20 me 2023 a. ki anvayi timachann yo ki ta’p vann nan mitan Rivyè Dlo Piti epi pote ale nan lanmè tout sa yo tap vann nan mache a.
Toutfwa, ti detayan yo, mande responsab yo nan biwo travo piblik nan Tigwav pou fè entèvansyon yo prese-prese, yon fason pou leve debri ak fatra yo, pandan yo kwè, se debri yo, fatra yo, selon sa yo presize, ki rezon fondamantal ki lakòz yo viktim an Rivyè Dlo Pitit ki bayo yon kou sezi nan komin Tigwav.






