“Ti Makenn”, ki se manm gang Vitelhomme ki t’al pran refij li nan Dam Mari benefisye Bwa Kale.

111
0
Share:
TRiboLAND

05-24-2023

Dam Mari, Ayiti_____(TRiboLAND) “Ti Makenn”, ki se yon manm gang sangwen Vitelhomme e ke popilasyon an nan Dam Mari idantifye ak yon tatou sou kò’l, benefisye “Bwa Kale”, aswè mèkredi 24 me 2023 a, daprè yon sous TRiboLAND.

Aprè anpil lanm Ti Makenn ta prana k tansyon BK a nan kapital la, li te oblije refijye li nan Grandans peyi a, patikilyèman nan Dam Mari, kòm refwij. Ti Maken, ki te jwenn arestasyon li bò kote fòs lòd yo, ta pral trouve li anba men popilasyon an ki antre pran li nan pòs polis la manu militari.

Malgre mannèv polisye yo nan komisarya, popilasyon an arive preskri Ti Makenn BK. Se yon bandi sangwen ki pat manje anyen ki frèt nan retire lavi moun. , yo rantre pran e aplike fòmil Bwa Kale a sou li.

Malgre anpil nan manm gang yo ap antre nan Grandans ak zanmi, fanm yo pou vinn byen Mennen nan rejyon an; sa pa anpeche popilasyon an nan Grandans bay têt li misyon pou pa kite yo pran jarèt. Konsa, yo mande lapolis pou pa rantre nan okenn konpwomi ak kriminèl san fwa ni lwa kap teworize popilasyon an.




Share: