Travay netwayaj yo ap kontinye vanse nan plizyè zòn nan Site Kapwa Lamò a.

114
0
Share:
TRiboLAND

Nan Dewoulen, Nan Grigri ak ri Kapwa, se kèk zòn ki kòmanse ap rekònèt eskanp figi yo aprè gwo aktivite dlo desann yo nan vil Pòdpè.

06-12-2023

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan kad yon vizit korespondan TRiboLAND yo te rann nan kèk zòn nan vil Pòdpè, remak yo montre ke genyen gwo jefò kap fèt, bò kote direksyon Travo Piblik branch Nòdwès, ki genyen nan tèt li, Joseph Angelot Horacius, pou kontinye retire labou nan divès ri ak kanal nan vil la.

Pami zòn responsab konsène yo sible, ou jwenn anpil nan yo kap eseye reprann timidman eskanp figi yo. Nou kapab site : zòn Dewoule, Nan Grigri, ak ri Kapwa, kote nou direksyon depatmantal Travo Piblik branch Nòdwès la ap netwaye kanal epi retire labou nan kèk kay pou rann lavi posib.

Share: