Berthony Villiers nan tèt kole ak kabinè avoka li, denonse direksyon depatmantal sante piblik branch Nòdwès la, pou kòz ensòlvabilite.

Berthony Villiers deside pran chimen tribinal si tout fwa responsab direksyon sante piblik nan Nòdwès yo, pa deside kite lokal ki loje direksyon an.
06-13-2023
Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon entèvyou li akòde laprès, jounen madi 13 jen 2023 a, mandatè Berthony Villiers nan tèt kole ak kabinè avoka li, denonse konpòtman iresponsab direksyon travo piblik branch Nòdwès yo, yo di ki pa manifeste okenn volonte, pou peye yo lajan lwaye lokal yo a, ki loje direksyon depatmantal sante piblik la nan vil Pòdpè, patikilyèman nan zòn Lakoup.
Pase anviwon 10 lane san peye menm yon goud nasyonal, Berthony Villiers, mande ak laprès yon kout men, nan lide pou fòse ensòlvab yo peye kòb lwaye a, epi rache manyòk yo bay tè a.
Yon lòt bò, enfòmasyon ke nou rekeyi fè kwè, responsab biwo a nan depatman Nòdwès la, ta sanble montre volonte yo pou fè moun yo jwenn kòb la malerezman ranpli fòm sou ranpli fòm pandan anviwon 3 lane, moun yo pako janm ka resevwa lajan.
Refize onore kontra plizyè lòt pwopriyetè, li enpòtan pou konnen, se pa sèlman biwo sante piblik pwopriyetè ap tchoule mete deyò pou tèt yo pa ka peye lwaye.
Sa pa gen anpil tan kote, yon gwoup avoka ta pral trennen devan tribinal, responsab biwo elekoral Nòdwès la, pou menm kòz sa a.






