Lapolis nan vil Sen-Mak fè yon gwo kout filè jounen vandredi 22 jen 2023 a.

Ulysse Estenio alyas kaporal, ak Ronaldo Aniel, mare kou krab; se bilan travay ajan PNH yo nan vil Sen-Mak.
06-23-2023
Sen-Mak, Ayiti____(TRiboLAND) Lapolis nan Sen-Mak, arete Ulyssse Estenio alyas “Kaporal” ak Aniel Ronaldo, tou 2 fè pati yon gang ki espesyalize yo nan brake moun, fouye machin, vòlè moto ak tout kalite lòt zak, nan yon seri zòn kote manb popilasyon an toujou ap sibi zak vyolans, tankou: Fresino, Koridò Madan Senta, poun site sa yo sèlman.
Lapolis nan ankèt yo tap Mennen, te jwenn yon fizi mak “WINCHESTER”, modèl 94AE
Kalib 30.30mm ki ta pral pèmèt anketè yo remonte ak gang sa a.

Nan moman seyans odisyon an, ajan yo ta pral prezante devan prezime kriminèl yo, fizi nou sot site la a, ke yo rekònèt trè byen. Yon lòt kote Aniel eksplike li menm ak akolit li Ulysse Estenio alyas “Kaporal” espesyalize nan volè moto.
Pou kounye, 2 endividi sila yo twouve yo, dèyè 4 miray annatandan yo parèt devan jij natirèl yo.






