MOFEDGA / DPC, òganize 3 seyans fòmasyon pou fanm yo.

116
0
Share:
TRiboLAND

06-24-2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Nan kad jesyon risk ak dezas, Mouvman Fanm pou Devlopman Grandans MOFEDGA, òganize 3 jounen fòmasyon pou kèk manm òganizasyon fanm yo kite sòti nan komin Bomon, Koray, e Pestèl.

Pou yon parèy sòlòkòtò aprantisaj, direksyon depatmantal pwoteksyon sivil Grandans lan te asire mobil ou direktiv fòmasyon yo, yon fason pou manm fanmiy yo konnen ki konpatiman yo genyen anka katastròf natirèl.

Responsab MOFEDGA yo ki tap entèvni nan mikro TRiboLAND fè konnen seri aktivite sila yo realize apati pwojè ke ONI-FANM /WPHF atravè Fon pou lapè fanm yo ak aksyon imanitè nan kad pwojè otonomizasyon ekonomik fanm yo pou yon dire, yon lane.

Nap soulinye, nan kad konsyantizasyon ak asistans sou jesyon risk ak dezas, MOFEDGA deja fè anpil aktivite pou madam yo.

Share: