Jeremi: Absans teknisyen nan sèvis radyografi nan Lopital Sen Antwànn lakoz malad yo plonje nan mizèrere

07-03-2023
Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Karans teknisyen nan sèvis radyografi lopital Sen Antwànn nan okazyone anpil malad kap boske laswenyaj, soufwi 2 fwa. Chak jou ki jou, malad ki soti nan pwèske 14 komin nan depatman Grandans, ap soupire akoz absans sèvis radyografi ki pa egziste pou akomode sa yo ki gen zokase, kout kouto, kout bal ak tout lòt maladi.
Lopital Sen Antwànn, ki pase kòm estrikti medikal referans nan depatman Grandans genyen 100 lane egzistans. Se nan yon parèy espas kap deteryore chak jou ki jou, malad ki soti tankou: Lèziwa, Abwiko, Pestèl e latriye, asèpte paye 5,000 goud frè transpò pou boske yon lòsyè sante ki pa ditou fasil.
Pandan yon parèy trajè ki pa sèten, gen nan yo ki mouri sou wout ou ki mouri akoz absans teknisyen radyografi, patikilyèman sa yo ki blese ou pran bal.
Absans sèvis tout kalite nan lopital Sen Antwànn nan vil Jeremi, se yon veritab agoni ki ogmante anplis soufwans malad yo nan yon depatman ke politisyen sangwen ou mèt dam, woule nan farinn.






