Pouvwa demagòg Ariel Henry a fè arete yon ameriken nan vil Okay

07-05-2023
Okay, Ayiti_____(TRiboLAND) Swadizan paske lap foure bouch li nan afè Leta, ensite vyolans ak pètibasyon trankilite piblik, Mèt Ronald Richemond, komisè gouvènman Okay la, pase lòd e fè arete Robert B. Nutter, yon sitwayen ameriken kap viv depi plizyè ane nan Gran Sid peyia.
Yo akize Nutter kòm etranje ki toujou patisipe nan yon seri protestasyon piblik nan tèt kole ak popilasyon an. Nan yon video ki pibliye sou rezo sosyàl yo, akize a tap denonse gouvènman Ariel Henry ke li estime ki ta dwe mache pòs li.
Robert B. Nutter ki te antre nan peyi Dayiti nan kad sipò ak asistans viktim tranblemantè yo nan sid peyi a, jwen arestasyon li yè madi 4 jiyè 2023 a. Yon desizyon ki trè kontradiktwà nan je yon pakèt sitwayen, “lè ou konpran anpil lòt antite tankou Core Groupe, pa sispann salanbe ou foure bouch yo men longè nan souverènte peyi a; jis kilè pouvwa sangwen Ariel Henry a pwosede ak arestasyon sèktè sa kap efondre Ayiti depi kèk tan”, dapwè Jules Denord, yon sitwayen angaje nan Okay.
Kèk kritik pa manke kesyone “motif” ak “timing” arestasyon sitwayen ameriken an, ki fèt 4 jiyè, jou komemorasyon endepandans peyi Etazini.





