Yon jès an plis, pou paran viktim tranbleman tè 6 jwen 2023 a

97
0
Share:
TRiboLAND

07-06-2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Nan kad jefò pou asiste viktim tranbleman tè 6 jen 2023 a, espesyalman fanmi kite genyen moun mouri nan katye Sentelèn nan Mòn Fò nan vil Jeremi, plizyè òganizasyon ak lòt sèktè fè yon jès anplis.

Haitian Health Fondation (HHF) yon òganizasyon non gouvenmantal ameriken kap travay nan domèn asistans imanitè, nan tèt kole avèk delegasyon depatmantal Grandans lan e proteksyon sivil, renmèt 2 chèk kach bay 3 manm fanmi nan katye Sentelèn, Mòn Fò nan vil Jeremi. Konsène sa yo te pami moun ki te genyen pwòch yo ki mouri, nan moman aktivite latranblad la.

Mesye Frandy Jeudy, alyas Chawa ki te pèdi madanm li, resevwa yon chèk 75 000 goud pou lwe yon 2 pyès kay tòl pou rete ak 2 pitit li yo, ke madanm li mouri kite swit ak katastwòf gwoudou gwoudou a.

Pou mesye Alfrèd Casimir ki se responsab edikasyon (HHF), misyon an bay chak benefisyè yo 75 000 goud, e yo pran responsablite pou peye lekòl pou timoun ke fanmi yo mouri ki te aprè tranblemantè 6 jen 2023 a. Jès ke reprezantan pouvwa a, agronòm Louissaint Cezar apresye nan non gouvenman Ariel Henry an. E swete genyen lòt enstitisyon piblik kou prive ki panse ak viktim yo.

Share: