Sòti 17 pou rive 21 jiyè k ap vini la, anviwon 194 936 kandida pral subi egzamen ofisyèl yo atravè peyi Dayiti.

85
0
Share:
TRiboLAND

192 146 kandida enskri pou klas 9è AF, 2 439 kandida pou lekòl nòmal enstititè ak jadinyè, 351 kandida pou Sant edikasyon familyal, se total kandida kap pare pou al subi egzamen, dapwè MENFP.

07-07-2023

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon konferans pou lapwès otorite yo bay nan ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl jounen jedi 06 jiyè 2023 a, minis edikasyon an, Nesmy Manigat anonse genyen anviwon 194 936 kandida ki deja retire biyè kalifikasyon yo pou egzamen ofisyèl k ap gen pou òganize nan dat 17 pou rive 19 jiyè 2023 a.

Egzamen sa a, ki pral òganize pou 3 antite diferant, deja seleksyone anviwon 192 146 kandida pou egzamen 9è AF, 2 439 kandida pou lekòl nòmal enstititè ak jadinyè, mete sou 351 k’ap sòti nan Sant edikasyon familyal, nan menm dat la.

Minis edikasyon an ki tap pale bay tout garanti ke egzamen yo pral byen dewoule, paske dapwè yo, yo deja pran tout dispositif nesesè pou sant egzamen yo byen sekirize.

Share: