Pwopriyetè batiman, maren ak pasajè ki asire trajè Latòti-Senlwidinò kritike otorite yo nan peyi Dayiti

07-08-2023
Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Pasajè, maren ak pwopriyetè batiman ki asire trajè maritim Latòti-Senwidinò, kritike otorite yo ki pa janm fè anyen pou soulaje vi ak byen moun ki frekante pò Latiwoli a.
Kondisyon vwayaj yo pa apwopriye epi pa gen kote pou moun yo debake, se sou do moun pou pasajè yo debake, ki kote sa prale nan 21è syèk sila. Se tèt moun ki sèvi debakadè!
Yon pò ki resevwa pou pipiti 50 ti batiman pandan yon jounen ak yon sipèb mache ki ogmante asyèt fiskal leta a; pa gen yon kontwòl SEMANAH ki reglemante, epi pa gen menm yon bon tèt wòch pou moun yo debake nan pò Latiwoli. Depi waf la te fin kraze, leta ayisyen pat janm pran desizyon pou rekonstwi li, petèt kondisyon vwayaj yo ta kapab amelyere, daprè refleksyon yon pasajè.

Selon responsab SEMANAH a, mèt Fresnel, li deklare ke li te mande otorite yo nan leta santral, pou ede li reyabilite ansyen lokal DGI a, pou li te kapab loje biwo a pou bay moun yo sèvis ,jiskoulya se nad marinad.
Antouka, nan peyi Dayiti pa gen pwojè pou moun vivan! Otorite yo nan leta ap tann pou yo konte kadav anvan yo entèvni nan pò Latiwoli a. Popilasyon an ap di ansyen minis Wilson Laleau, yo pa bliye demagoji, kòripsyon, ak gaspiyaj kite fèt sou non pò Latiwoli a.
Popilasyon Latòti ak Senlwidinò ap mande gouvènman Ariel la, aji prese prese pou pita pa pi tris.






