ENA mande Premye Minis Ariel Henry, prese prese aplike tout sa ki te di nan akò 21 desanm 2022 a

97
0
Share:
TRiboLAND

07-09-2023

Fòlibète, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan yon konferans pou laprès nan fen jounen samdi 8 jiyè 2023 a, nan “Rolamou Bar”, kòdonatè depatmantal pati politik ENA “Entente Nationale” la, Jean Chrislin mande PM Ariel Henry pou kontinye aplike tout gran pwen ki te fè objè nan akò 21 desanm 2022 a.

Kòdonatè depatmantal la ki te akonpaye konsèye depatmantal pati a, Sener Joanis epi ak Joseph Jocelyn, manm komisyon mobilizasyon ak estrikti pati a nan nivo depatman Nòdès la.

Selon ENA si toutfwa Premye Minis Ariel Henry ta aplike tout sa ki nan akò a, li espere gen anpil bagay kap rezoud nan peyi Dayiti.

Nap raple, ENA genyen nan tèt li ansyen depite Sèka-Carvajal la, Arodon Bien-aimé.

Share: