7 elèv nan Kolèg Nouvèl Jenerasyon Karis, jwenn onè e merit pou pèfòmans akademik yo

94
0
Share:
TRiboLAND

07-12-2023

Karis, Ayiti _____(TRiboLAND) Pou fèmen ane lekòl la nan komin Karis jounen madi 11 jiyè 2023, Kolèj Jenerasyon nan komin Karis onore 7 elèv ki te ofwi yon pèfòmans akademik enpresiv pou ane 2022-2023 a.
An prezans estaf direksyon lekòl la, direktè lekòl la, Teluis Joseph remèt respektivman sètifika ekselans bay 7 elèv ki te byen travay pou ane lekòl. Bibianca Debreus se youn nan 7 elèv ki arive antèt e ki reyisi avèk onè e merit.

Direktè Teluis Joseph ankouraje tout elèv pou yo fè lonè kòmin Karis tout kote nou pase. Pou sèten pèsonaj nan kòmin nan, aksyon sila yo merite ankourajman, sitou lè timoun nan bay tout li menm pou mete sa l aprann nan an aplikasyon.

Divès sitwayenki genyen yon parèy kominote sou kè yo, estime yon parèy sòlòkòtò ta dwe òganize nan divès lòt lekòl pou ankouraje elèv yo plis nan aktivite akademik yo.

Share: