Pwoblèm ekonomik ki makònen ak ensekirite jeneralize a, genyen gwo enpak negatif sou fèt patronal Notre Dame Mont Carmel

102
0
Share:
TRiboLAND

07-16-2023

Jeremi, Fonwouj Dayè, Ayiti____(TRiboLAND) Si nan tan lontan aktivite kiltirèl e relijyez ki makònen ak fèt patwonal yo te toujou boure ak patisipan; depi yon bon bout tan, festivite sa yo atravè Grandans lan, pa fè resèt ditou, ditou.

Nan okazyon fèt patwonal Notre dame du Mont Carmel la, konsta yo pa diferan. Anpil peleren, nan lokalite Fon wouj Dayè, nan Jeremi, pa kache ensatisfaksyon yo fas ak modifikasyon ke fèt sa ap sibi chak ane. Preske, tout sa ki te antre nan yon kad tradisyonèl ak anbyans ap disparèt.

Konsta obsèvatè yo ak temwanyàj patisipan yo nan mikro TRiboLAND, ekspwime mekontantman yo sou ti ponyen pèleren ki asiste aktivite relijyez e kiltirèl yo..

Evèk dyosèz Jeremi an, Joseph Gontran Decoste, nan okazyon jounen 16 jiyè 2023 a, ki se fèt patwonal Notre Dame Mont Carmel nan Fonwouj Dayè, mande fidèl legliz katolik romèn yo, pou pwan avni peyi an men, aji ak lafwa yo nan Bondye yon fason, pou jwenn vrè delivrans lan tout bon vre.

Share: