Ansafolè: Ane sa fèt Sentàn nan prepare pou fete an gran panpan.

84
0
Share:
TRiboLAND

07-25-2023

Ansafolè, Ayiti__(TRiboLAND) Avan fèt se fèt, tout ri nan bouk la dekore, peleren sòti tout kote ap fè ale vini ak inifòm ble maren e wouj pou pote balèn galbanno pou mande Grann Sentann pasaj ak chans boul pik.

Lapolis bò kote pa’l kòmanse detente tout machin ki ta sanble parèt enposib pou bon fonksyonman moun yo nan komin nan an tèm sekirite.

Gran final tounwa nan okasyon 25 lane egzistans COPECS nan komin Ansafolè avèk 4 ekip. Konsa, chak ekip ki patisipe nan konpetisyon an gen pou ganye yon prim soti 15 000 goud,10 000 goud jiska 6 000 goud. Aktivite sa yo reyalize nan ri lopital, ki jwenn mwayen finansman fondasyon COPECS nan komin Ansafolè. Konkou dans elatriye nan jounen 25 jiyè 2023 a.

Se tout katye yo ki mobilize pou yon si bèl fèt ane sa a.

Share: