Asosyasyon Pwopyetè Veyikil ak Sendikalis yo, anonse gwo mouvman grèv lendi 31 jiyè kap vini la

91
0
Share:
TRiboLAND

07-25-2023

Pòtoprens, Ayiti ____( TRiboLAND) Aprè 3 jou Asosyasyon Pwopyetè Veyikil ak Sendikalis yo te bay gouvènman an, pou tounen sou desizyon yo te pran pou retire sèlman 10 goud sou pri pwodwi petrolye yo, Asosyasyon Pwopyetè Veyikil ak Sendikalis yo, anonse yon kokennchenn mouvman grèv lendi 31 jiyè 2023, sou tout tèritwa nasyonal la.

yon iltimatòm gouvènman pa bay regle anyen.

Mesye sendikalis yo mande pou gouvènman an desann gaz la a 40%, pandan yo apiye sou dekrè 9 mas 1995 lan. Asosyasyon Pwopyetè Veyikil ak Sendika yo di, y’ap fè tout sa ki nesesè pou fòse Leta tande larezon. Lè gaz la moute sou mache entènasyonal la, Leta moute-l; lè-l desann tou, Leta dwe desann li nan fason li dwe desann, si senp ke sa.

Yon lòt bò, grèv sila ki anonse a, kòmanse bay anpil kè sote, pwiske se pral jou lansman egzamen ofisyèl NS4. Divès kesyon kòmanse poze; èske grèv la pap paralize egzamen yo, nan sa ki gen pou wè ak transpò.

Sepandan, nan sa ki genyen pou wè avèk iltimatòm sendikalis yo, gouvènman gang Ariel Henry a, pat bay sa, dite pou lafyèv!

Share: