Ansafolè: Yon gwoup pòv ki te al boske lacharit, anpetre nan okazyon fèt Sentànn nan

110
0
Share:
TRiboLAND

07-26-2023

Ansafolè, Ayiti____(TRiboLAND) Yon gwoup pòv ki toujou genyen baz yo devan legliz katedral Pòdpè a, te monte Ansafolè pou chèche lacharit pandan peryòd fèt Sentann nan; konsa, ta sanble sitiyasyon an vinn pi konplike pou yo, selon sa ki arive jwenn TRiboLAND.

Pòv yo, ki te fòme yon liyn maten an devan pawas Sentann ak Jwachen ak kwiw yo nan men yo, tap tann moun pou lonje yo kichòy. Sepandan, malgre tout gwo efò sa yo pou rive sou plas pelerinaj la, anyen pat mache pou yo. Kidonk, demini yo nan gwo difikilte pou ta menm jwenn tchotcho pou peye machinn pou retounen lakay.

Sa ki pi rèd la, anpil gwo sakrifis ap fèt, bèf ou zanimo tout kalite ap touye, pou bay lwa babako manje; alòske pòv yo pa jwenn anyen pou yo sibziste pandan jounen selebwasyon Sentann nan. Konsa, y’ap mande moun ki gen bon kè pou ede yo, yon fason pou yo kapab retounen desann kote yo te soti, Pòdpè.


Share: