Tout bagay ta sanble kwit pou enstalasyon yon nouvo direktè nan tèt dwàn Wanament lan

07-28-2023
Wanament, Ayiti ___(TRiboLAND) Daprè enfòmasyon ki rive nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, Dwàn Wanament ta sou wout pou viv enstalasyon yon nouvo direktè jounen vandredi 28 jiyè 2023.
Reyaksyon yo pa sispann tonbe aprè anons sila, kote divès sitwayen ap rete tann nouvo direktè dwàn komin Wanament lan ki ta sanble, Mercier Louis. Plizyè sitwayen pa kache satisfaksyon pou yon parèy transfè, kote ke yo estime direktè akryèl la pa tap règle anyen serye nan dwàn nan.
Direktè Mercier Louis ki pral ranplase nan pòs sila a Dirèk Charles Wilbert ki pase anviwon yon lane nan tèt dwàn Wanament ak yon estati “enkapab”, te deja gen plizyè leve kanpe kont li, kòm kwa taks yo ta monte twò wo.






