Popilasyon Nòdès la selebwe fèt Sen Mat an gran panpan nan zòn Patriko ak nan Prevwayans

106
0
Share:
TRiboLand

07-30-2023

Wanament, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon anbyans trè chalere, yon mès aksyon Degras chante nan chapèl Sen Mat ak Prevwayans nan komin Wanament e Teryewouj, jodi dimanch 30 jiyè 2023 a.

Peleren te sòti nan divès kwen nan komin Wanament ak Teryewouj pou te al patisipe nan si bèl fèt popilè sila a. Reveran pè Edwenx Mesidor e pè Dorcin kire pawas Savanolèt ak Granbasen, nan omeli sikonstans lan, mande fidèl katolik yo priye pou peyi Dayiti soti kote l twouve l la; selebre yon fèt patwonal se menm jan nou tap fete anivèsè nesans nou.

Divès aktivite te òganize lavèy fèt la, aktivite yo ki te kòmanse ak yon festival nan sware samdi 29 jiyè a avèk plizyè atis lokal ak DJ ki te reyini pitit zòn nan ak zòn avwazinant yo. Aktivite sila yo ki te jwenn sipò ansyen senatè Lareche, Agr Michel, ak Backup Pwodiksyon ki gen nan tèt li jounalis Guiometre Widelin, ansyen depite Jovenel Louis, e ansyen senatè Wanique Pierre.

Popilasyon an kontan wè jan fèt la fete ane sila a, divès rekòmandasyon fèt pou mande otorite yo panse pou yon lòt sòlòkòtò kap pi grandyoz.

Share: