Sektè sosyo pwofesyonèl yo nan Jeremi, realize yon sit-in pou di non kont fenomèm ensekirite jeneralize a.

08-07-2023
Jeremi, Ayiti______(TRiboLAND) Yo te plizyè dizènn kad pwofesyonèl, medsen, enfimyè, enfimye, enjenyè, agronòm, pandan week-end lan òganize yon sit-in devan delegasyon depatmantal Grandans lan, pou di non a tout fòm ensekirite.
Pwotestatè yo, pat sèlman di aba ensekirite sou kèlke swa fòm li ye a, se te okazyon egalman pou ansanm pwofesyonèl sila yo rele aba Premye Minis Doktè Ariel Henry, ke yo di kap nouri kriminèl ak zam yo pou kontinye bwè san pòv malerèz e malere.
Pwotestatè yo reklame lib sikilasyon sitwayènn e sitwayen yo nan peyi a, ak liberasyon tout moun ke bandi sangwen kidnape nan peyi a, espesyalman Doktè Samson Marseille e Doktè Renold Grandpierre.






