Mèt Clavel Gélin enstale nan tèt OAVCT, branch Nòdwès

122
0
Share:
TRiboLAND

08-10-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND)Se vè 2è apwemidi jedi 10 dawout 2023 a ke Mèt Clavel Gélin enstale kòm Kòdonatè biwo OAVCT rejyon Nòdwès. Selon òd yerachik delegesyon pouvwa a, Direktè rejyon Nò OAVCT a, Patrice Jacques te pwosede ak yon parèy enstalasyon.

Nan entèvansyon Direktè pou ti bout tan Rock Jouvens Clavel, li soti tèt wot pandan anviwon yon lane depi lap dirije biwo sila. Li kontinye pou di, anpil fwa moun ki responsab biwo sila toujou konn nan kouri ak nan “show”, men sou Administrasyon pa-l la, se te transparans total e kapital.

Kanta pou nouvo Direktè a, Mèt Clavel Gélin, mande kolaborasyon tout anplwaye yo pou pèmèt biwo a bay plis randman ak transparans. Li pwofite mande Direksyon jenerel pou ede yo nan sa ki gen pou wè ak materyèl ki se yon aki pou biwo yo bay randman espere a.

Patrice Jacques ki te veritab aktè ki tap enstale Mèt Clavel, konseye-l pou li pa ale twò lan, pa ale twò rapid, men ale jan li dwe ale a. E sitou, ale byen. Plizyè dizèn moun te reponn prezan pou te asiste enstalasyon sila, ki te gen anpil sispens depi kèk mwa, kote yon Clavel ranplase yon lòt Clavel!

Share: