Fidèl legliz katolik yo, nan pawas Notre-Dame de Lourde nimero 2, fete sen patwòn yo malgre anpil difikilte

88
0
Share:
TRiboLAND

08 – 15 – 2023

Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Malgre tout kalamite, pwoblèm, grangou, lavi chè ki makònen ak ensekirite jeneralize a, sa pa anpeche kretyen fidèl legliz katolik yo nan pawas, Notre-Dame de Lourde nan nimero 2, fete fèt 15 dawou 2023 a.

Selon temwayaj, pèlerin, melomann tankou lòt abitan zònn 9èm seksyon kominal nimero 2, ki nan komin Jeremi.

Ak sipò fondasyon vèt, reveran pè Eustache Jomanas ak kèk kretyen nan kominote entènasyonal lan, te ede konstri yon bèl lokal pou loje legliz lan.

Ansanm sektè sila yo fè remake, sa ki fè bote fèt Notre-Dame de Lourde an, se peryòd 15 dawou 2023 a, se 7 kilomèt wout asfalt ke defin Prezidan Jovenel Moise, te konstri ki te sòti nan vil Jeremi pou rive nimero 2.

Ankò aktivite patronal yo pase san okenn ensidan majè, tout senpleman moun yo poze pwoblèm manke lajan an, ak pwoblèm blackout lan kòm andikap majè.






Share: