Tigwav: Kòdonatè kazèk Wilnord Délicieux mande gouvènman Ariel Henry a pou peye yo 36 mwa salè travay yo.

92
0
Share:
TRiboLAND

08-23-2023

Tigwav, Ayiti____(TRiboLAND) Prezidan katèl kazèk 1ère seksyon kominal Vyalè Tigwav la, Wilnord Délicieux nan yon entèvyou ak laprès jodi mèkredi 23 Dawou 2023 a, mande PM defakto Ariel Henry minis enteryè ak kolektivite tèritoryal la pou peye kazèk yo 36 mwa salè travay fòs kouraj yo.

Kazèk Wilnord Délicieux repwoche minis enteryè Ariel Henry li di ki trete yo an paran pòv, kote li pa janm chita ak manm konsèy seksyon kominal yo depi lè li pran tèt peyi a, aloske yo se otorite nan leta a ki pi pwòch peyizan yo.

Administratè 1ère seksyon kominal Vyalè, Tigwav la Wilnord Délicieux mande minis enteryè ak kolektivite tèritoryal la Ariel Henry pou kale kazèk yo 36 mwa lajan travay paske yo genyen timoun pou voye lekòl menm jan ak tout lòt moun nan peyi a.

Share: