Aktivite BK swit ak yon tantativ kidnapping nan Delma 19: 3 bandi sangwen mouri flanbe

09-02-2023
Delma, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon tantativ kidnapping jodi samdi a nan Delma, popilasyon an ak tout lapolis, arive mete men sou 3 bandi sangwen nan Delma 19.
Espesyalis Bwa Kale yo pase 3 annafè yo anba flanm, alòske yon lòt 4èm te arive blese.
Pandan kout sènay la, lapopo sezi plizyè zam ki bay anpil lawouli ak yon pickup Toyota Frontière.






