Pwofesè Frédérique Fristz Gerald, plede anfavè mobilizasyon jeneral kont pouvwa an plas la.

09 – 05 – 2023
Jeremi, Ayiti___(TRiboLAND)
Fas ak yon mizè e yon agoni san parèy, mas pèp lan, peyizan yo ki nan yon ensekirite jeneralize, pwofesè Frédérique Fristz Gerald, estime rantre lekòl lan parèt reyèlman enposib; ni pou dat 11 septanb lan ak 2 oktòb 2023 a.
Pwofesè Frédérique, kap anseye filozofi nan plizyè lise nan Jeremi, depreferans fè apèl ak mobizasyon jeneral, kont ekip vwayou Ariel Henry an, pou rezoud ansanm pwoblèm kap bwase bil majorite manm nan popilasyon an. Yon popilasyon ki reyèlman ap trepase anba iresponsablite dirijan dirije.
Nap raple, se yon popilasyon ki reyèlman ap trepase anba iresponsablite manyak dirijan gang dirije. Se enkonpetans ak secherès entèlèktyèl ou dezonètete dirijan dirije lakay ki fè malè peyi Dayiti, patikilyèman nan depatman Grandans.






