Ariel Henry, resevwa yon akèy repinyan ak kè plen nan vil Jeremi

09-11-2023
Jeremi, Ayiti______(TRiboLAND) Nan kad seremoni rantre eskolè nan Grandans peyi Dayiti, Pwemye Minis Ariel Henry, ki ta sanble nan jou sa yo devni youn nan pèsonaj repinyan ke popilasyon ayisyèn nan pa janm konnen, jwenn ak bouchon li anba men pèp Grandans lan jodi lendi 11 septanm 2023 a, nan vil Jeremi.
Enfòmasyon yo ta vle fè kwè ke kòtèj Ariel Henry a, ta resevwa yon lapli kout wòch ak kout boutèy nan site Lasous, nan moman li tap soti nan ayewopò, dapwè sa divès sous lokal ta deklare. Ariel, ki ta sanble santi li te nan yon sitiyasyon enkonfòtab, te oblije ak tout reselè li yo kase tèt sou komisarya vil Jeremi an, nan objektif pou rale yon ti souf.
Nap raple, foustrasyon popilè kont Ariel Henry a, genyen anpil pou wè avèk enkonpetans li ap yon atitid manfouben ou sankoutcha ki ta lèse popilasyon ayisyèn nan kwè nan yon Ariel ki ta sanble li enplike nan lanmò Jovenel Moise, ramifikasyon gang ak akwentans li nan mare sosis ak kriminèl entènasyonal ki detèmine pou eradike nasyon ayisyèn nan atravè yon plan destabilizasyon jeneralize.
Antouka, tankou nan plizyè kwen anndan peyi a, Pwemye Minis PHTK a, Ariel Henry konsidere jodi a kòm pèsonaj endezirab ou karaktè ti komik nan vil Jeremi. Pwezans Ariel Henry, nan site Poèt la, te okazyone yon manifestasyon espontane bwit sou kou!






