Pandan kolon rasis yo ap maltrete peyi Dayiti, Pwezidan Nicolás Maduro ap onore nesans Anperè Jan Jak Desalinn

132
0
Share:
TRiboLAND

09-20-2023

Jodia ki se jou nesans Anperè Jan Jak Desalinn, pèmèt anpil ahisyen fè yon rega retwospektif sou sa Papa Nasyon peyi Dayiti reprezante devan fas limanite. Nan menm okazyon sila, menm etranje ki rekonèt valè sakre ou dimansyon yon parèy gason vanyan, ki te pami sa yo ki te dote ayisyen yo yon nasyon, arive fè yon ak “devoir de mémoire “; konsa, pwezidan venezwela a, Nicolás Maduro pa manke mo, pou fè elòj Anperè Jan Jak Desalinn.

Nap sinyale, elòj pwezidan Nicolás Maduro anfavè Papa nasyon Dayiti a, Jan Jak Desalinn, rive nan yon moman kote ke otorite Repiblik Dominikènn yo ap maltre ayisyen avèk yon konpòtman rasis e menm awoje yo foure bouch nan sa ki genyen pou wè avèk peyi Dayiti.

Konsa, se rèv tout ayisyen, pou yo viv, yon reenkanasyon Jan Jak Desalinn, sou tè peyi Dayi? Yon mapou titanik, ki tab konbat kolonyalism fwansè san mèsi e ki te pèmèt peyi Dayiti devni yon nasyon lib e granmoun. Pwezidan, Maduro pat manke lage yo twit jounen jodia, pou atire atansyon rès monn lan sou nesans gwo potorik gason sa, ki te kontribye sistèm esklavajis, kriminèl blan kolon, ki jounnen jodia toujou santi nostalji kolonyàl.

Share: