UTAG: kreyasyon yon nouvèl inite espesyalize nan PNH pou konbat gang

93
0
Share:
TRiboLAND

UTAG, se non yon nouvèl Inite ki fenk pwente tèt li, pou al troke kòn ak bandi yo nan pòtoprens ak nan vil pwovens yo.

09-24-2023

Pòtoprens, Ayiti___(TRiboLAND) Nan prezans plizyè wo grade nan PNH la, direktè jeneral polis la Frantz Elbé, prezante ayè samdi 23 septanm 2023 a, yon nouvèl Inite tou nèf ki pote non “Unité Temporaire Anti-Gang”, ki pral mete dlo nan diven gang sangwen yo.

Dapwè enfòmasyon sal nouvèl redaksyon TRiboLAND rive kolekte bò kote reponsab yo nan PNH la, objektif nouvèl eskwad Inite sila, se goumen pou kraze fwaye gang yo, k ap simen latwoublay, fè san koule, maten, midi, e swa nan mitan popilasyon ayisyèn nan.

Nouvo kò UTAG la, ki soti nan matris PNH la, pwomèt pou travay avèk popilasyon an, e pwomèt pouf è anpil bwas yon mannyè pou arive demantle gang yo kap fonksyone kòm sèl kòk chante.

Share: