Pechè ak achtè sangi nan Senlwidinò estomake pou fason founisè yo ap maltrete yo

111
0
Share:
TRiboLAND

09-28-2023

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Moun kap peche epi achte sangi nan komin Senlwidinò denonse founisè yo kap fè yo monte ma swife pou fason y’ap achte gram sangi a nan men yo.

Selon Cedlet Mareus, zangi a te kòmanse ak yon pri derizwa men koulya lap vann 150 goud sou mache lokal la, pandan setan yon flash ap vann 250 goud, 3 ti batri koute 50 goud sa vle di, y’ap bezwen 250 goud pou gen materyèl pou peche . Ki donk rezo sosyo yo anonse gram sangi a ap vann 1000 goud sou mache lokal la. Nap mande tout moun ki gen responsabilite nan kesyon sangi a pou yo peye sangi a nan pri gram zangi a ki se 500 goud ayisyen pou yon gram zangi sou mache lokal la.

Pou fini pechè yo anonse yap pran lari pou fòse leta ayisyen ak tout moun ki konsène nan zafè zangi a, pran responsabilite yo. Konsa, y’ap kapab satisfè bezwen popilasyon an ki se, mete pitit lekòl, e fè yon ti ekonomi pou satisfè fanmiy yo.

Yap mande tout moun konsekan nan tout peyi Dayiti pou pote kole pou zangi a gen vrèman pri leta ak planifye ak kominote antrprenè entènasyonal kap envèsti nan achte zangi sou mache lokal la.

Share: