Senlwidin: Ajan polisye minisipal yo poze lapat sou 2 gwo koure nan moman boukantaj kout zam

11-30-23
Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Ajan polisye minisipal yo nan komin Senlwidinò ta sanble pa pile anyen fwèt anba pye yo. Nan kad yon operasyon tranble jarèt, ajan polis minisipal yo tap antreprann jounen mèkredi 29 novanm 2023 a nan komin Senlwidinò, yo arive mete anba kòd kon krab, 2 gwo koure ki ta pral san pèdi tan ouvè zam sou ajan polis sila yo.
Dapwè enfòmasyon ki rive jwenn nou nan bon ti mamit nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, 2 gwo koure sa yo ta ka fè pati yon baz gang ki pote non 430, e kap opere nan plizyè lokalite nan site Kapwa Lamò a.
Nan moman nap pale la, 2 gwo koure sa yo ap reflechi nan gadavi, annatandan yo parèt devan jij natirèl yo, pou y al founi esplikasyon dekilakyèl.






