Yon gwoup jèn gason lanse yon konferans deba sou “Plas Dam” Pòdpè a, nan okazyon lavèy fèt Sen Patwòn vil la.

104
0
Share:
TRiboLAND

12 – 07 – 23

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon gwoup jèn gason ki pa deside kite okazyon fèt Sen Patwòn vil Pòdpè pase menm jan ak bèf Seyid la, deside òganize sou “Plas Dam” Pòdpè a, apwèmidi jedi 7 desanm 2023 a vè 3 : 30 PM; yon inityativ bwase lide ki te reyini yon bon valè kouch moun ak divès pèsonalite ki tap entèveni sou diferan sijè.

Pami sijè ki te debat yo, nou jwenn, sityasyon aktyèl vil Pòdpè ak ki sa ki ta dwe fèt, aktivite kiltirèl vil la, fòs ak feblès, anviwònman vil Pòdpè, aparèy dijisyè a, fòs ak feblès, antreprenarya ak komès nan vil Pòdpè, ak istwa vil Pòdpè.

Nan sans sa a, plizyè pèsonalite tankou, ansyen kandida pou pòs senatè Nòdwès la, Mèt Jean Gary Sanon, komisè kou dapèl Gonayiv la, Mèt Yves Martial, Paulette Charles, avoka bawo Pòdpè a, Mèt Lorfils Wisly, ansyen sibtiti komisè gouvènman pakè Pòdpè a, Mèt Kerly Dubréus, Mèt Eddyson Gervé, jounalis Beethovens Charles Predelus, Adm Enfandieu, poun site sa yo sèlman. Yo tout ta depoze nan okazyon an ki te reyini yon ponyen moun ki tap viv trè pwoblematik Site Kapwà Lamò a.

Antouka, bwase lide sila ki pat fè resèt akoz lapli, te redwi patisipasyon piblik la. Anpil sitwayèn ak sitwàyen, estime se yon bel ide anpwelid ak fèt Sen Patwon vil Pòdpè, Imakile Konsepsyon ki se 8 desanm 2023 a.

Share: