Majistra komin Mowon an, denonse zak bastonad ak tantativ asasinay ke l sibi nan ekzèsis fonksyon’ l.

130
0
Share:
TRiboLAND

12 – 17- 2023

Mowon, Ayiti___(TRiboLAND) Majistra komin Mowon an, agwonòm Getro Noëlssaint ki tap entèvni nan mikro TRiboLAND, denonse zak bastonad ak tantativ asasinay, ke li sibi anba men yon sètin enjenyè Kensley Bassinet, ak tonton li, polisye Dior ak ajan UDMOGA, ki afekte nan komisarya Jeremi an.

Daprè temwayaj Majistra Getro Noëlssaint, pèsekisyon sa yo vini, aprè Majistra Getro Noëlssaint, fè konnen li te entèdi yon konstriksyon nan vil Mowon ke enjenyè Kensley Bassinet tap fè, ki pat respekte okenn nòm ak regleman la lwa etabli pou moun konstwi kay.

Majistra Getro Noëlssaint, ki fè konnen li viktim nan moman lap fè sa la lwa bal kòm pwewogativ. Li detèmine fòk li jwen jistis, e mande chèf lapolis la nan Grandans, Louis Edner Yassainthe ak enspeksyon jeneral pou pini polisye Dior Bassinet ki komèt yon vyolasyon grav. ‎

Share: