Lapolis nan Gran-Rivyè Dinò mete anba kòd, yon gwo koure kap dirije legliz Sainteté ak plizyè zam manch long nan men li.

12 – 23 – 2023
Gran-Rivyè Dinò, Ayiti____(TRiboLAND) Legliz yo nan peyi Dayiti kanpe rèd rèd nan bay jarèt ak fenomèn ensekirite a. Apre gwo eskonbrit kagezon zam legliz Episkopal te debake nan Dwàn Pòtoprens nan mwa pase yo, koulya se kou pa, Phanord Dominique, yon pastè k ap dirije legliz Sainteté pran nan zip nan anba bouk Gran Rivyè Dinò; lapolis mare kou krab ak plizyè zam, san konte yon latriye katouch.
Yon enfòmasyon ki sisite anpil wounou, wounou e blayi gwo laperèz nan mitan fanmiy ak ekip pwotestan yo nan Gran-Rivyè Dinò peyi Dayiti.
Nan moman nap pale la, gwo koure ki fè tèt li pase kòm gid spitityèl yon latriye inosan an, Phanord Dominique, ki se swadizan yon lidè legliz Sainteté ap reflechi nan gadavi Gran Rivyè Dinò a, annatande li pwente tèt li nan kapital la.






