Pòt pawòl pati politik Pitit Desalin nan mande Mèri Senlwidinò ak vis delegasyon awondisman an, pran bon jan mezi pou lapè retabli nan komin nan.

90
0
Share:
TRiboLAND

01 – 21 – 2024

Senlwwidinò, Ayiti__(TRiboLAND) Nan yon tweet pòt pawòl depatmantal pati Politik Pitit Desalin branch Nòdwès la fè, Pierre Réginald, jounen dimanch 21 janvye 2024 la, mande la Mèri Senlwidinò, nan tèt kole ak vis delegasyon awondisman komin nan, pou pran bon jan mezi pou tabli souri sou lèv sitwayen yo kap sibi zak ensekirite depi yon bon bout tan.

Nan sans sa a, Pierre Réginald pwopoze ak vis delegasyon awondisman komin Senlwidinò a pou li pran tout dispozisyon nesesè pou lave rejyon an nan lide pou rive demantle rezo gang yo atravè tout 6 seksyon kominal kifè pati komin nan.

Pou pòt pawòl depatmantal pati Politik Pitit Desalin nan, mezi sa yo dwe pran nan lide pou ranfòse jefò kap fèt pou moun sikile lib e libè nan komin nan.

Share: