Lidè pitit Dasalin lan, Reginald Pierre anonse yon mach pasifik vandredi kap vini an, pou fòse Ariel Henry kite tèt peyi Dayiti.

01 – 30 – 2024
Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Nan yon konferans pou laprès jounen madi 30 janvye 2024 la, lidè pitit Desalin lan, nan komin Senlwidinò, Reginal Pierre anonse yon mouvman leve kanpe vandredi 02 fevriye 2024 la, pou fòse gouvènman Ariel Henry la, ak tout akolit li yo kite peyi a, pou retire pèp ayisyen an nan sitiyasyon difisil li trouve l la.
Yon lòt kote, Mesye Pierre mande tout popilasyon Nòlwizyèn nan ki renmen peyi a, vin pote kole pou chavire sistèm esklavajis blan meriken ak oligat kòwonpi kap souse san tout pitit peyi a.
Li plede anfavè yon gouvènman demokratik ki pou fè eleksyon onèt, pou peyi a kapab fè yon pa an avan.






