Lapolis fouke 2 prezime kidnapè nan komin Aken, depatman Sid peyi a.

03 – 29 – 2024
Aken, Ayiti ___(TRiboLAND) Adnel Jean Simon ak Jerry Renald, se non 2 prezime kidnapè ki jwen arestasyon yo nan kad yon operasyon lapolis mennen nan komin Aken, depatman Sid peyi a, nan lannwit mèkredi 27 pou louvri maten jedi 28 mas 2024 la.
Komisè gouvènman pakè jiridiksyon Aken an, mèt Adrien Exama, fè konnen lapolis ap chache Jean Mary Dorval tankou chen fou ki se pwopriyetè kay prezime bandi kidnapê yo te sere otaj la.
Nap siyale, pandan operasyon sa a, lapolis rive libere otaj la, ki se madam Isalie Fébé. Konsa, komisè gouvènman pakè jiridiksyon Aken an, mèt Adrien Exams bay popilasyon an, garanti yap travay san pran souf yon fason pou sekirite a, toujou etabli kò li nan jiridiksyon an, konsa sitwayèn ak sitwayen yo ap kapab vake ak aktivite yo san pwoblèm.






