Lekòl Gamanyèl nan komin Senlwidinò òganize 5èm edisyon jounen Kreyòl Gastwonomi yo.

154
0
Share:
TRiboLAND


05 – 01 – 2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Lekòl Gamanyèl nan komin Senlwidinò òganize 5èm edisyon Jounen Kreyòl Gastwonomi yo mèkredi 01 me 2024 la, kote yo prezante plizyè aktivite tankou: dans, chan, pwoezi elatriye. Tout kalite manje lokal tankou: chou palmis, tchaka mayi, dekale labapen, diri ak lalo, kasav ak manba, fig ak po bèf elatriye.

Reveran pastè Izòf nan entèvansyon li, deklare ke yap batay pou jèn yo bay fèt travay la yon lòt sans nan komin nan. Yo mande Ministè Agrikilti nan depatman Nòdwès la, pran responsabilite l fas ak peyi a ki rich, e richès li repoze sou agrikilti.

Yo voye yon alèt bay responsab bwat Leta nan awondisman an ki pa sousye nan travay ak peyizan yo nan milye riral yo. Yo estime, devwa yo se fè latè pwodwi pou tout pitit peyi a jwenn manje ak travay pou yo viv tankou moun nan sosyete ayisyèn nan.

Share: