Nòdwès : Lansman Mache Kabarè a mete kontantman nan kè peyizan

05 – 01 – 2024
Jan Rabèl, Ayiti ____(TRiboLAND) Reveran pè Allange Cheppa nan tèt kole ak moun Kabarè lanse jounen mèkredi 01 me 2024 la, “Mache Delivrans” nan zòn Kabarè, ki trouve-l nan seksyon kominal Lakoma, komin Jan Rabèl. Ouvèti mache sila se te plis ke yon nesesite pou peyizan ak machann yo nan lokalite a.
Vini nan Pawas Kris Wa, apèn anviwon 2 mwa. Reveran Pè Cheppa te lanse inisyativ la ak moun nan kominote a, ki vin yon reyalite. Mache sila ki pral fonksyone chak mèkredi, kòmanse fonksyone nan jou fèt agrikilti ak travay ki selebre chak premye me atravè peyi a.
Divès moun nan lokalite a ki te swaf yon inisyativ parèy, pat kache satisfaksyon yo pandan yo ekspoze sa yo gen pou vann. Anseyan, elèv, ak plizyè notab nan kanton an te prezan, pou valorize pwodwi lokal yo ki trè òganik.
Kabarè sou wout chanjman, aprè divès manifestasyon kiltirèl ki toujou òganize pa Jean Rémy Fleurinord nan zòn lan. Ouvèti kontinye kreye pou mete lavi nan rejyon an. Konsa, mache a ouvè, nap tann plis toujou daprè deklarasyon yon machan rapadou.






