Jij enstriksyon Merlan Belabre poze lapat sou yon gwo krab ki t’ap koupe rache nan Sena Repiblik Dayiti a

106
0
Share:
TRiboLAND


05 – 02 – 2024

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Lajistis nan peyi Dayiti sou wout pou reveye. Jij denstriksyon Merlan Belabre, mare kou krab sekretè jeneral Sena a, madam Marie Nelly Verpile Boyer, jounen jedi 02 me 2024 la, pou kòripsyon.

Dosye sa a te rive devan jij Merlan Belabre, nan kad yon rapò anketè ULCC yo te pwodwi, kote yo ta pral jwenn, manzè Marie Nelly Verpile Boyer, ta ka gagote, gaspiye, dilapide, plizyè milyon goud nan zafè kat Debit ak detounman byen ak materyèl Sena a.

N’ap raple’w, se nan menm kad dosye sa a, ULCC te mande pou yo lage aksyon piblik nan dègonn plizyè ansyen majòjon Sena a, tankou : Joseph Lambert, Wanique Pierre, Richard Lénine Hervé Foucand ak Garcia Delva.

Share: