Yon sibtiti komisè gouvènman nan Pakè Gran Rivyè Dinò revoke poutèt dwèt long.

205
0
Share:
TRiboLAND

05 – 03 – 2024

Grand Rivyè Dinò, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon lèt ki pote non Ministè Jistis ak Sekirite Piblik nan dat 02 me 2024 la, minis Jistis fanm lan, madam Emmelie Prophète Milcé, mande ak sibtiti komisè Gary Chery pou li pa mete pwent pye li nan Pakè a, pou tèt li ta pran plezi nan fè zewo tounen 9.

Enfòmasyon korespondan TRiboLAND rive jwenn bò kote divès medya ak kèk manm nan popilasyon an ta fè kwè, sibtiti komisè Gary Chery pran plezi nan vann jistis nan ti gode, mezi kòb ou mezi lajanw. Li libere moun lè li vle nan do lalwa, saki vin ranvèse vaz la, se paske li te libere nan jou ki te pase yo, yon papa ki te mete men sou pitit li.

Nan sans sa a, divès manm popilasyon an ak plizyè jounalis, pami yo, T Carry Maître Vocal, mande ak kabinè denstriksyon fè travay li, paske nonm sa ki rele Gary Chery a, te komèt twòp enjistis nan Pakè a.

Share: