Lapolis nan Nòdwès reyisi yon jounen “pòt ouvè” nan Lise Tertullien Guilbaud a

05 – 10 – 2024
Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Jan sa te anonse, sou lidèchip Clevens Cetoute, Lapolis nan Nòdwès reyisi jounen “pòt ouvèt” nan Lise Tertullien Guilbaud a jounen vandredi 10 me 2024 la. Divès wo grade nan PNH la te prezan pou pale ak elèv ki te soti nan diferan lekòl anba gwo pwoteksyon enstitisyon polisyè a.
Clevens Cetoute DDNO PNH la, Maxonel Deus, Komisè Polis komin Pòdpè a pou-n site sa yo sèlman, eksplike elèv yo travay PNH la ap fè nan peyia. Responsab yo nan depatmanan te kontinye eksplike elèv yo diferan grad polisye yo, ak estrikti òganigran PNH la.

Divès elèv ki te prezan pwofite poze responsab PNH yo kesyon, tankou : poukisa lè moun an danje yo rele Lapolis, yo pa ka jwenn? Poukisa lè Polisye yo an danje yo rele bakòp, responsab yo di yo pa jwenn lòd?. Responsab yo tante bay yon seri eksplikasyon tankou, enstitisyon an se yon enstitisyon ki yerachize.
Objektif “pòt ouvèt” sa, se rapwoche PNH la ak popilasyon an nan depatman an. Yon inisyativ Direktè PNH la nan depatman an, Clevens Cetoute te pran, nan kad chita pale ak tout antite ki nan tout kwen nan depatman.






