Regwoupman gang “Viv Ansanm” yo sakaje lakay komisè polis ki te atache ak Ti Pòs Gresye a.

05 – 12 – 2024
Gresye, Ayiti_____(TRiboLAND) Apre kowalisyon gang “Viv Ansanm” yo te fin mete dife nan sou komisarya komin Gresye a, san konte popilasyon an ke sangwen yo te chase, finalman yo atake lakay komisè polis la, yo pote ale tout sa ki te enpòtan yo epi yo mete dife nan rezidans li.
Enfòmasyon yo rann posib gras ak yon videyo bandi yo mete deyò, jounen dimanch 12 me 2024 la, kote bandi yo montre yo vire kay komisè a tèt anba.
N’ap raplew, komisè polis la ak tout fanmiy li te gentan kite kay la depi yè samdi 11 me 2024 la, nan moman bandi sansal yo te pran komin nan an otaj.






