Vyolans kout kouto nan Mache Rivyèba ant Krislè ak Dejala.

101
0
Share:
TRiboLAND

05 – 12 – 2024

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Yon endividi mal entasyone ki pote non Dejala alyas Bab, asasinen Krislèt Brave ak kout kouto nan mitan Mache Rivyèba gwo jounen samdi 11 me 2024 la, nan komin Senlwidinò.

Selon kèk temwen, Dejala te gen diskisyon avèk madanm Krislè pou lajan. Li te deja planifye pou atake viktim lan. Bab sèvi zanzatann Krislè ak plizyè kout kouto nan baskòt, vizaj ak nan tèt.

Pou anpil sitwayen kap fonksyone nan Mache Rivyèba a, Leta ayisyen lage mache a twò lib ak bandi kap mache fè resèt, fouye moun, vòlè machandiz machann tout lajounen anba grenn je tout moun; pa gen moun pou pran defans malerèz kap chèche lavi yo.

Pou koulya Krislè ap pran swen nan lopital Otrichen alòske Dejala pran palto mawon mete sou li.

Share: