Chofè motosiklèt yo nan mòn Matilè reyalize yo jounen travay sou wout la

05 – 13 – 2024
Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Chofè ak pwopriyetè taksi motosiklèt chemen Dègranj yo reyalize yon jounen travay sout nasyonal la, jounen dimach 12 me 2024 la.
Yo pwofite fè jounen travay sa se pou kapab trete tout zòn kite kraze pandan pasaj gwo lapli a nan komin nan. Chofè taksi yo fè konnen yap bay patisipasyon yo nan wout la paske yo vle ede leta ak popilasyon an respire yon pi bon lè. Yon lòtbò yo vle pou zòn yo vin pi aksesib pou fasilite penetrasyon nan tout katye yo nan komin nan.
Nap raple’w, mòn Matilè se zòn ki pi difisil pou machin oubyen moto frekante nan seksyon an. Genyen plis pase 15 aksidan ki pwodwi la dan l deja, pa gen anyen ki fèt bò kote otorite yo pou yo pote yon amelyorasyon nan pwoblèm nan. Eske se mò yap tann pou fè yon entèvansyon nan mòn nan ki sèvi yon gwo menas pou popilasyon 3èm nan nan komin Senlwidinò.






