Grefye yo nan Tribinal Depè Pòdpè a tanmen yon grèv pou mande MJSP reponn ak revandikasyon yo.

05 – 16 – 2024
Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Grefye yo nan Tribinal Depè Pòdpè a tanmen yon mouvman grèv ayè madi 14 me 2024 la, pou mande ak Ministè Jistis ak Sekirite Piblik egzije yo bon jan kondisyon travay.
Dapwè deklarasyon kèk grefye ki tap bay modòd grèv la fè konnen, yo nan grèv rèd rèd, sa ki lakòz odyans sivil yo paralize nan Tribinal Depè sila.
Nan sans sa a, plizyè jistisyab ki te vin pran sèvis pat gen lòt chwa ke retounen lakay yo.






