Yon kamyon machandiz chavire nan komin Tigwav, lokalite Mòn Tapyon.

127
0
Share:
TRiboLAND


05 – 16 – 2024

Tigwa, Ayiti ___(TRiboLAND) Yon kamyon machandiz chavire nan lokalite Mòn Tapyon, komin Tigwav ozanviwon 3 zè pm jodi jedi 16 me 2024 la.

Aksidan an arive pwodwi, se lòske kamyon pèdi fren epi chofè chavire li, 4 moun soti blese grav pami yo chofè a, kote se lòt machin ki tap pase bayo assistans e transpòte yo lopital pou swen ke ka yo nesesite.

Kamyon sila a, tap transpòte machandiz nan vil Okay nan depatman Sid peyi a.

Nap raple, sa pa genyen lontan depi yon kamyon te chavire nan menm espas la.

Share: