“Association Sportive de Marigot” reyisi 4è edisyon Marigo ann pedale

108
0
Share:
TRiboLAND


05 – 17 – 2024

Marigo, Ayiti _____(TRiboLAND) Association Sportive de Marigot reyisi jounen vandredi 17 me 2024 la, 4è edisyon “Marigo Ann Pedale”. Plizyè dizèn jenn fanm, jenn gason ak pèsonaj nan komin Marigo ak bekàn yo abiye an blan rann aktivite ki te lanse nan lane 2020 posib ane sa ankò.

Daprè Prezidan asosyasyon an, Jean Jimmy Lafond, ASM pran inisyativ sa nan objektif pou ankouraje jèn yo pratike espò ak fè pwomosyon pou bekàn kòm mwayen transpò.

“Reyisit 4è edisyon an se yon fyète pou mwen, komite a, ak tout manm yo. Drapo a se senbòl libète, tout Ayisyen dwe batay pou reprann Idantite-n”, dapwè yon patisipan ki tap depoze nan moman aktivite pedal la.

Share: