1803-2024 : 221 lane depi zanzèt nou yo te bannou yon drapo ki fè fyète pèp Ayisyen ak tout ras nwa a.

05 – 18 – 2024

Lè nou konsidere 4 gran peryòd istorik nou pral site piba a nan listwa egzistans bout tè sa a (Ispanyola-Sendomeng-Ayiti) Zansèt nou yo te ki te pou nou an, n ap fini pa konprann richès peyi a se tè a k ap pwodui l e se nan tè a menm li ye. E menmsi yo fè tout bagay yo p ap ka fin piye yo.4 gran peryòd istorik yo:
1. Peryòd Endyèn (anvan 1492);
2. Peryòd Espanyòl (1492-1625);
3. Peryòd Fransèz (1625-1804);
4. Peryòd Ayisyèn (1804 pou rive jodia)…
Nou ta renmen tout Ayisyen aprann epi chache konnen kote nou soti pou nou genyen tè sa a. E kèlkeswa fason an nou pa gen dwa kite l pou okenn peyi. Se san zanzèt nou ki te koule e se fòs ak enèji yo sanzèt nou te bay pou te libere tè sa anba lesklavaj de tout sòt.
Jodia se 18 me, yon jou ofisyèl epi senbolik ki vle di anpil bagay nan zye tout mond lan. Se jou Ewo ak zansèt nou yo te deside kreye epi prezante ofisyèlman drapo a nan Akayè.
Bòn fèt drapo ak tout Ayisyen !Toujou sonje drapo Ayiti a se senbòl libète. Senbòl ki montre tout pèp ke yo pa dwe rete anba dominasyon okenn lòt pèp. Drapo Ayiti a, se senbòl rezistans ak tèt ansanm.Zansèt yo te trase wout la epi poze baz devlopman an pandan yo te rann nou lib.Nou menm, nou gen pou misyon bati peyi a sou plan militè, sosyal, ekonomik, diplomatik, politik elatriye…
Viv Ayiti ! Viv drapo n ak fyète n !”Men anpil chay pa lou”.
Ralph Joram Eliameau






