Akoz vyolans gang yo nan peyia, fèt Drapo a pa arive fete nan Akayè jan sa konn fèt la

106
0
Share:
TRiboLAND


05-18-2024

Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Depi yon bon bout tan, nèg ak zam bay Leta bout teren nan yon seri aktivite enpòtan ak obligatwa nan peyia ki gen lye istorik yo abitye òganize. Yon lòt fwa ankò, ane 2024 la fèt Drapo a pap selebre nan basyon li Akayè akoz vyolans gang sangwen yo.

Pou 221è anivèsè kreyasyon Drapo ayisyen an, aktivite yo dewoule sou tèm : “Ann rasanble nou anba Drapo nou”. Men dirijan yo pat kapab ale nan vil istorik bikolò a ki se Akayè jan sa ye nan tradisyon peyia.

Pou ane 2024 la, yon pati nan seremoni an fèt nan MUPANAH sou Channmas, epi yon lòt pati arive reyalize nan Vila Dakèy. Si nèg ak zam kontinye ap bay Leta ki gen lejitim vyolans bout teren, alewè pou ti malere kap tann Leta pou bay moso lòsyè sekirite.

Share: