Avoka yo nan Bawo Pòdpè a selebre fèt Sen Iv

115
0
Share:
TRiboLAND


05 – 20 – 2024

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon Mès aksyon degras ki selebre nan katedral Pòdpè a, maten lendi 20 me 2024 la nan okazyon fèt Sen Iv, Sen patwon Avoka yo. Divès Avoka ki fèt pati Bawo a, ak divès pèsonalite te prezan pou asiste ak selebre gran fèt sa. Jodia nou kontan prezan pou selebre yon dat enpòtan ki make 721è anivèsè ane ki konsakre pou komemore gran jou sa, dapwè Batonye Lòd Avoka Pòdpè yo, Mèt Edler Louima.

Avèk eslogan “Il faut que les choses changent”, nan diskou sikonstans lan, Batonye a touche sitiyasyon malouk peyia ap konnen ki mete ajenou aparèy Jistis la.

Mèt Louima kontinye soulinye divès konpòtman malouk Lapolis nan depatman gen anvè jistis la, kote yap fonksyone kòm sèl kòk chante, ak menm plizyè fwa rive menm fwape plizyè kòlèg Avoka.

Batonye a kritike absans Leta, men mande tout sitwayen yo pran responsablite yo fas ak sitiyasyon peyia kap deteryore chak jou ki jou. Bagay yo pa ka rete konsa, fòk bagay yo chanje.

Batay pou konbat koripsyon nan aparèy jistis Pòdpè a pap kanpe, depi 13 janvye 2021 atravè yon rezolisyon, asanble Avoka yo te kòmanse batay sa ki pap kanpe nan defann koz ki nòb pou bon fonksyonnman jistis la nan depatman Nòdwès la.

Share: